Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Decouvrir la vie
14 juillet 2013

CHAPIT I Yon sonri telefon reveye Eva, li detire

CHAPIT I

    Yon sonri telefon reveye Eva, li detire men l' pranl' , se te yon alam ki anonse 6h 15 nan maten. Eva detire kol, li baye, li fwote do je l tou dousman. Sou figi l' ou ka we li pa telman kontan viv nouvo jounen sa ki fek komanse.

 PANSE EVA.

" Sa fe deja yon semen mwen pase san manman m', ki sak pi terib ke sa? Sa telman di pou m' sipote, defwa m' konn eseye pran konsyans pou m' we si se pa nan yon rev mwen ye. Moun mwen renmen plis sou te sa se manman m'. Men manten an m leve, m' deside pran kontwol mwen an men. Mwen s'on fanm ki gen kouraj, lot moun pa bezwen konnen ke m' gen pwoblem, selman zanmi pwoch mwen yo ki konn sa k pase a. Tout moun konnen ke mwen s'on fanm ki souriyant, menm si l' difisil nan moman sa fok mwen toujou rete mwen men m, yo pa dwe we anyen chanje lakay mwen."

     [ Eva leve finalman, li benyen, prepare dejne malgre se goute li goute l selman, li abiye l' byen fen kom li toujou konn fe. L'ap depeche l' pou l' pa rive anreta nan kou a malgre se pa yon kou ke li renmen , men li oblije, sitou li poko menm gen de semen depi li se etidyan nan inivesite a. Li pa rekonet pesonn, sa te ka pidi pou li si l' pat gen Melissa, pi bon zanmi l' la nan menm klas avel ki toujou ap ankouraje l ba l' konsey.]

NAN SAL KLAS LA

    [ Pwofese a antre epi gen yon jennom kap swiv li ]

PWOFESE : Medam mesye, bonjou. se avek plezi m'ap anonse nou ke n'ap akeyi nan klas la yon nouvel etidyan. Ou rele koman deja??

OLIVER: Oliver, Oliver Beaugar.

 

PWOFESE: Ebyen, Oliver nou swete w' byenvini nan mitan nou. Ou met pran plas ou nan twazyem ranje a bo kote madmwazel Eva...byen.

 

PANSE EVA

" poukisa tout medam yo ap gade jennom nan konsa, tankou se obama yo te we?? Komsi s'on moun yo rekonet... Depi le yo tande se bo kotem lap chita a mwe yap gade m led, men sa menm twaze m. Yo gen le jalouz...men le wap gade li bo gason tout bon!!, antouka yo byen bal non an."

    [ Oliver, chita sou yon chez bo kote Eva jan pwofese a te di l'. Li depoze valiz li sou tab chez la, li vire gade Eva ak yon souri ki fe eva frisonnen.]

_"Oo eva sak pase w la ou pa menm konn jennom nan, menm si l' s'on bo ti gason sevre se pa yon rezon pou w gentan loose control, reprann ou mache "

    [ Oliver entewonp Eva briskeman nan panse l']

 OLIVER: Bonjour, (eva sote) dezole si m fe w pe...

 

 

EVA: non, non pa enkyete w, m'te yon jan pedi nan panse m,' se tou.

 

OLIVER: Ah ok. non pam se Oliver, e ou ??

EVA: Wi  wi. m panse m te konprann sa deja...mwen rele Eva. Anchante.

 

OLIVER: Anchante Eva... Se premye ane w isi a??

 

 EVA: wi men, m gen pi bon zanmi m' nan ave m' ,m'pa pou kont mwen, sa fe m pa teman nwi.

 

OLIVER: E menm si zanmi w lan pat la, avek mwen men kom vwazen w ou pa tap janm santi w sel.

[ Oliver souri bay Eva, epi li gade l pandan yon ti moman, Eva santi l twouble, li vire gade Melissa ki souri ba li epi touye je ba li. Apre 10minit 27segond Konvesasyon, sonri ki pou anonse poz la deklanche, rapidman elev yo ap soti ] ___

 

" wow, yon sel moman sa mfe ap pale ak Oliver, se komsi m santi m yon lot jan, depi plis ke yon semen se premye fwa yon moun fe m ri konsa ,komsi mpat janm gen pwoblem...mtrouvel vreman krakan ti bonom sa.. Men mpaka pemet mwen imajine kwak se swa, m poko menm gen de zed tan depi m kontrel , le fini tou nan moman sa mpa gen moral pou jan de bagay sa yo. "

[Oliver entewonp Eva lot fwa nan panse l]

OLIVER: Heee!, Eva.

 EVA: wi.

 

OLIVER: An fet,,,lestonbe.

 

EVA: OK,,,komanw te twouve kou a??.

 

OLIVER: heu!  pa mal ditou,

 

 EVA: jan m we w tap fem pale sa ou tap swiv.

 

OLIVER: wi, mpanse sa.

 

EVA: ok !... Kom ou nouvo isi a ,mka mennew vizite si w vle.

 

 OLIVER: vreman?, avek plezi,,,ou vreman janti Eva.

 

EVA: mesi...

 

OLIVER: pa de kwa.

 

" pandan m mennen Oliver vizite inivesite a li pozem anpil kesyon, men se pa tout mwen reponn m apenn konnen l se pa tout bagay pou m di l'.  [ ine apre sonri deklannche]

yo gentan sonnen, ket, le le a pase, m pa ranm mwen kont ".

 

EVA: bon, fom ale kounya m gen yon kou statistik, mkwe ou men m ou gen yon kou angle se sa??

 

OLIVER: wi, m panse sa. domaj, m ta byen renmen kontinye pale ak ou...

 

EVA: sa t ap fem plezi men, pou kounya al swiv kou w la.....m panse ou ka jwenn sal la pou kont ou pa vre, Ou pap pedi??

 

 OLIVER: map debwouyem pa enkyete w. N'ap we tale??

 

 EVA: ok,n'ap we tale??

 

[ Oliver souri bay Eva, ak yon vizaj ki montre ke li yon jan tris, li ap gade Eva ki prale pandan l'ap fe bak tou dousman, lal frape ak yon etidyan]

 

OLIVER: Padon zanmi, dezole.

 

[ eva vire gade oliver yo tou de souri. __Melissa chita sou yon ban ki preske an fas sal la. Li we eva kap vini.]

 

EVA: OH,Dye mesi mpanse yo t ap gentan komanse wi.

 

 MELISSA: hey!! A Kote w te ye cendrillon.(melissa ri)

 

 EVA: ah, m te avek ti nouvo a, m tap fe l vizite.

 

 MELISSA: Oliver...bo ti gason saw di??

 

EVA: Hmm...wi men...pa plis ke sa.

 

" melissa te konnen tre byen se manti m fe le di "Pa plis ke sa". L'ap farouche m epi l' tap ri. Pwofese a te vini e nou rantre nan klas la, imedyantman chagren m te gen maten an avanm te vin lekol la retounen, san m pa konn pou kisa. M pat vle lot etidyan yo we sim te tris, melissa te remake sa, men li pat di anyen li konnen fok li kitem trankil. Tet fe mal pranm l em panse ak m pral pase inedtan janm santim la. M te anvi rantre lakay mwen pou okenn moun pa we m."

 

PANSE OLIVER

" m panse jounen an t ap pi stresan ke sa men, se pat sa ditou. Medam yo jis plede gadem tankou idyot, byen erezman yo pa plonje sou mwen " oh my God c'est Oliver" antouka m rayi le yo fe sa. Men se sel Eva ki pat plede gade m. Tout lide m di m li pa konnen m. petet li pa tande pale de ARSENAL . an plis m trouve l tre diferan pa rapo a lot yo. Bel timoun, tre saj, respektyez,,,deja m gentan anvi we l..."

PANSE EVA

" OUF, li te le l te tan pou kou sa te fini, ak pwofese pale anpil sa "

[ Eva ak Melissa soti rapid pou y'al pran ti le deyo a, se konsa Eva santi yon men sou epol li.]

 

EVA: oh Oliver se ou, ou fe kem sote wi.

 

 OLIVER: dezole, m te jis vle konnen si l ap posib pou m al manje ave w, apre tou se sel ou menm mwen konnen isi a, anplis m tap renmen nou kontinye konvesasyon an konsa na fe plis konesans.

 

EVA: Ok. men, Melissa ap avem , m panse sa pap jennenw...

 

OLIVER: Non non o kontre,

 

 EVA: an fet Oliver mprezantew Melissa, Melissa se Oliver.

 

MELISSA: mkonnen...anchante Oliver.

 

OLIVER: anchante, Melissa.

 

MELISSA: An fet,,,Eva cheri pa enkyetew pou mwen, Tania te pwopozem pou m manje ak li, sa va.

 

EVA: ou,,,ou sur??

 

MELISSA: we, se mwen k di w, deja m swete nou bon apeti (nan zorey eva): epi ou tre byen akonpanye pwofite.

 

" m gade melissa ki prale, li vire tet li, li touye je ban mwen. Men...Oliver sa komanse paret biza pou mwen, premyeman depi lel vin nan inivesite a yo pa sispann gade l, e menm gen de medam kap twaze m paske yo we lap pale ave m. Epi melissa fek sot di mwen two byen akonpanye. Oliver sanble yon moun ki popile. Ou byen li se pitit yon selebrite,ou yon moun ki gen anpil lajan, ou byen li jwe nan yon fim?? Fom dekouvri sa m pa konnen an kanmenm, sak pou di m pa andejan padan m avel la...

 

FEN CHAPIT 1 AN

mesi deskew te li l, m konnen anyen poko enteresan la men sa ap vini . pa ezite pote kritik, komante.. chapit 2 a se pou lot semen...ret branche

Publicité
Commentaires
Decouvrir la vie
  • On ne choisit pas sa famille, sa nationnalite, son sexe, la couleur de sa peau etc... On ne choisit pas d'etre pauvre pourtant on l'est et on en souffre. On ne choisit pas etre orphelin... et tant encore. Simplement on nous dit que la vie est ainsi faite.
  • Accueil du blog
  • Créer un blog avec CanalBlog
Publicité
Archives
Pages
Decouvrir la vie
Publicité